Nan pwodiksyon depi 2021 · bank ann Ayiti ak Miami

Sistèm pou bank bòlèt ou.

Vandè yo vann ak yon telefòn Android. Ou menm, ou louvri pòtal la depi Miami oswa depi Ayiti epi ou wè chak tikè, chak boul ki cho ak balans jounen an, san ou pa rele pèsonn.

Se mwen menm ki reponn ou · Demo ak done tès · Ou pa oblije achte

Pòtal LottoKing ak vant, lo, komisyon ak balans jounen an, grafik pa tiraj ak tablo pa vandè
3 lo nan chak tiraj8 tiraj bòlètMaryaj · Loto 3 · Loto 41 pòtal pou tout zòn ou yo
New YorkFloridaGeorgiaTexasTennesseeChicagoCaliforniaAyiti Bòlèt
Tiraj yo

Tiraj matin, soir ak nuit, ak lè fèmen pa yo.

Tiraj yo deja chaje ak jou yo ak lè fèmen yo. Ou etenn sa bank ou pa vann, epi terminal yo sispann pran jwèt la poukont yo lè lè a rive.

Tiraj Etazini

Matin · Midi · Soir · Nuit
  • New York matin · soir
  • Florida matin · soir
  • Georgia matin · soir · nuit
  • Texas matin rive nuit
  • Tennessee matin · midi · soir
  • Chicago midi · soir
  • California soir

Ayiti

Tiraj lokal
  • Ayiti Bòlèt matin · soir

Chak tiraj gen pwòp lè fèmen l nan bank ou. Si ou vle yon tiraj ki pa nan lis la, li ka ajoute.

Jwèt yo

Sa vandè a ka vann
  • Borlette 2 chif
  • Maryaj 2 boul
  • Loto 3 3 chif
  • Loto 4 4 chif

App la konnen ki jwèt li ye dapre kantite chif vandè a ekri.

Peman

Chif peman ou yo, se ou ki mete yo.

Sistèm nan pa fòse ou sou okenn chif. Ou ekri konbyen bank ou peye sou chak jwèt, epi lè ou antre rezilta a li kalkile lo yo poukont li ak chif sa yo. Anba a se chif mache a konn itilize.

  • Yon chif pa jwèt

    1ye lo, 2yèm lo, 3yèm lo, maryaj, loto 3 ak loto 4 chak gen pwòp peman pa yo.

  • Lo yo kalkile poukont yo

    Ou antre rezilta tiraj la epi tikè ki genyen yo parèt ak sa ou dwe peye.

  • Kaba chak jou

    Kaba pa vandè ak pa zòn, ak komisyon an deja retire.

Chif mache a

Referans, ou ka chanje yo nan bank ou
  • 1ye lo 50x – 60x
  • 2yèm lo 20x
  • 3yèm lo 10x
  • Maryaj 1000x
  • Loto 3 500x
  • Loto 4 5000x

Se chif bank yo konn peye nan mache a. Sa bank ou peye, se ou ki deside l.

Limit

Mete limit la anvan yon boul kraze ou.

Chak boul gen limit li, sa ki deja vann ak sa ki rete. Lè li plen, terminal la sispann pran jwèt la epi li di vandè a konbyen li ka vann toujou.

  • Limit sou yon boul, sou yon vandè oswa sou tout bank la

    Ak bloke boul la nèt lè ou pa vle wè l ditou.

  • Menm limit la nan tout terminal yo

    Si yon vandè plen boul la, sa ki nan lòt zòn nan pa ka vann li ankò.

  • Yon limit pa jwèt

    Sa ou riske sou maryaj pa menm ak sa ou riske sou borlette.

Kontwòl jwèt yo ak limit, sa ki vann ak sa ki rete pou chak boul ak chak tiraj
Limit 500, vann 145, rete 355: sistèm nan koupe poukont li.
App vandè a

Twa tap: nimewo, montan, vann.

Vandè a chwazi youn oswa plizyè tiraj ansanm, li ekri nimewo a ak montan an, epi li bay tikè a enprime oswa sou WhatsApp. Tout sa li vann parèt nan pòtal ou menm lè a.

Ekran vant app la ak plizyè tiraj chwazi ak de jwèt chaje
Plizyè tiraj ansanm, ak lè fèmen an devan je l.
Konfimasyon tikè anrejistre ak nimewo li
Tikè anrejistre, pare pou enprime oswa voye.
Ekran app la kote vandè a ekri kòd bank la pou li ka anrejistre telefòn nan
Vandè a ekri kòd bank la, ou apwouve l nan pòtal la.
  • Chak tikè ak kòd QR li

    Ou eskane l pou peye lo a, pou anile vant lan oswa pou kopye jwèt la.

  • Enprimant Bluetooth oswa WhatsApp

    Enprime sou yon tèmik 58 mm oswa voye tikè a san papye.

  • Istorik, anilasyon ak kaba

    Li anile menm jou a anvan tiraj la epi li fèmen kès li depi nan telefòn nan.

Nou pale de operasyon ou

Konbyen vandè, nan ki peyi, ki tiraj ou vann ak konbyen ou peye. Se la plan an ak pri a soti.

Mwen ba ou bank ou pare

Ak tiraj ou yo, peman ou yo, zòn ou yo ak non ou sou tikè a. Ou menm ou jis kreye vandè yo.

Vandè yo enstale epi yo vann

Yo enstale app la, yo ekri kòd bank la epi ou apwouve yo. Premye tikè a soti menm jou a.

En español

Es el mismo sistema, en el idioma de tu banca.

Si administras una banca de bolet desde Miami, Nueva York o República Dominicana, el portal está también en español: los mismos tickets, los mismos límites y el mismo cuadre que ven tus vendedores en Haití. Ver la página en español o entrar directo al sitio oficial de LottoKing.

Kesyon

Sa moun konn mande anvan yo deside.

Si pa ou a pa la, ekri m epi m ap reponn ou.

WhatsApp +1 849 207 7714
sgermosen@outlook.com
Èske mwen ka jere bank mwen ann Ayiti depi Miami?

Wi, se pou sa li fèt. Pòtal la mache nan navigatè a: ou antre depi Miami, New York oswa kote ou ye, epi ou wè vant lan, lo yo ak balans chak vandè. Vandè yo bezwen sèlman yon telefòn Android ak entènèt.

Ki tiraj sistèm nan pran?

New York, Florida, Georgia, Texas, Tennessee, Chicago, California ak Ayiti Bòlèt, nan orè matin, soir ak nuit. Chak tiraj gen lè fèmen pa l, epi ou ka etenn sa ou pa vann yo.

Konbyen bank lan peye?

Se ou ki mete chif yo. Nan mache a se 50x a 60x sou 1ye lo, 20x sou 2yèm lo, 10x sou 3yèm lo, 1000x sou maryaj, 500x sou loto 3 ak 5000x sou loto 4. Ou ekri peman pa ou nan sistèm nan epi li kalkile lo yo ak chif sa yo.

Kisa vandè a bezwen pou l kòmanse vann?

Yon telefòn Android ak entènèt. Li ekri kòd bank la, ou apwouve l nan pòtal la, epi li ka vann. Si li vle bay tikè enprime, yon enprimant tèmik Bluetooth 58 mm; si non, li voye tikè a sou WhatsApp.

Èske li mache san entènèt?

Non. Vant lan anrejistre sou sèvè a menm lè a, se sa ki fè ou wè tikè a lamenm epi yon limit respekte nan tout terminal yo an menm tan.

Èske sistèm nan deplase lajan?

Non. Pa gen peman ni resepsyon lajan nan app la: kach la deplase ant vandè a ak bank lan jan li toujou fèt. Sistèm nan kenbe kont lan, enprime tikè a, kalkile lo a epi fè kaba a.

Gade tout sistèm nan anvan ou ekri m.

LottoKing gen pwòp sit li an kreyòl, ak detay chak modil, plan yo ak rezilta jounen an.

LottoKing es un software de gestión: no opera ni vende loterías. Cada banca es responsable de operar bajo las leyes de su país. Uso interno de personal autorizado, mayores de 18 años.